Legliz AN Aksyon se yon platfòm nimerik katolik ki fonde depi 12 jen 2022, kote nou fè pwomosyon pou zèv legliz katolik womèn nan mond la ak nan peyi nou, Ayiti.Misyon nou oubyen objektif nou chita sou twa pilye sa yo paske se yon ki motè nou. Anonse – Ede – Eklere

Anonse

Se angajman nou pran pou n fè travay evanjelizasyon an ki se anonse pawòl verite an pa mwayen rezo sosyal yo. Mesaj nou pibliye yo se tankou yon anons pou repantans nou lanse yon fason pou plis moun ka konnen kilès Jezikri ye, paske nou kwè nan pouvwa rezo sosyal yo genyen pou fè sansibilizayon tankou Pape François te mete aksan sou nesesite pou sèvi ak rezo sosyal pou ranfòse dyalòg ak solidarite pandan n ap evite itilize li nan fason ki ka favorize izolasyon oswa divizyon. 

Ede

Sa vle di nou asiste moun oswa soutni moun nan yon fason oubyen yon lòt. Nan lavi, nou tout gen kapasite pou ede lòt moun nan moman difisil oubyen lè moun lan nan bezwen. Donk mo EDE a rantre tou nan kad pwomosyon n’ap fè pou aktivite katolik yo nan tout dyosèz nou yo.  

Eklere

Se pataje konesans oswa enfòmasyon ki enpòtan ak lòt moun. Se mete pèp Bondye an ajou de enfòmasyon ki konsène legliz katolik. Lè nou eklere yon moun, nou pataje konesans, esperyans ki ede l grandi nan lafwa, ak resous ki kapab ede ak devlope potansyèl li yo kòm moun e kòm kretyen.